Sunday, April 7, 2019

Radyoamatè an Ayiti

Kisa radyoamatè a ye?
Radyoamatè se yon kominote entènasyonal konsakre nan eksperimantasyon, dékouvèt ak kominikasyon lè yo itilize ond radyo ak vwa sou protokòl entènèt (VOIP). li la dépi radyo kominikasyon te égzisté.

Kiyès ki ka radyoamatè an Ayiti?
Nenpòt moun ki gen bon kondwit nan sosyete a, dépi l ka pase tès radyoamatè a e pran lisans la.

Pou kisa w dwe gen lisans?
Pou w ka palé sou radyo a, pou w ka fè nouvo zanmi nan tout peyi a ak nan tout mond la ou dwe gen yon lisans, ou dwe apran n e konnen règleman  yo ki pou fè w opere yon stasyon radyoamatè yon jan ki légal.


Kòman w ka pran lisans ou an Ayiti?
Pou w ka rive gen lisans radyoamatè a nan peyi Ayiti, ou dwe ekri yon lèt a CONATEL pou w enfòme yo ke w vle vini pran tès radyoamatè a.
CONATEL ap repon n ou e w ap gen yon dat ak yon adrès pou w vini pran tès la.

Nan ki lang tès la ye?
Pou kounye a, tès radyoamatè a an Ayiti nan lang anglè.

Ki kote w ka jwen n dokiman pou prepare pou tès la?
Dokiman pou prepare pou tès la vrèman fasil pou jwen n.
1- Achte liv American Radio Relay League (ARRL) la.
     Achte l la
2- Telechaje gratis ti liv Dan Romanchik KB6NU a ki rele No Nonsense Technician Class
     Pou tès jiyè 2022 a jen 2026
     Telechaje l la
3- Etidye e pratike kesyon ak repons yo sou hamstudy.org.


www.qrz.com/db/HH2MJF
www.hh2mjf.org